
3 avril 1986 – 3 avril 2021, sa fè 35 lane depi fanm yo tout kote, nan 4 kwen peyi a, te leve kanpe pou selebre gwo batay liberasyon pèp la anba men rejim boutdi Duvalier yo. Se te pou yo tou okazyon pou mete sou plas piblik pwòp revandikasyon pa yo, tankou ki plas fanm yo dwe okipe nan konstriksyon nouvo sosyete yo te kwè ki ta pral boujonnen nan epòk la.
San nou pa bliye batay pou fikse anndan nouvo konstitisyon an ki te nan epòk la (konstitisyon 1987 la) prensip Egalite ant fanm ak gason. Yon prensip ki defini nan ki mòd sosyete fanm yo vle viv: yon sosyete egal-ego, kote vwa fanm yo konte, yon sosyete ki chita sou jistis sosyal ak sou respè lavi ak dwa moun.
Plis pase 30 lane aprè, revandikasyon sa yo pa chanje. Plis pase 30 lane aprè, fanm yo toujou prezan sou teren mobilizasyon an pou kontinye rele : Aba diktati ! Aba tout kalte pikan kwenna, sistèm rapò debalanse ant fanm ak gason an mete sou wout yo, pou anpeche yo patisipe komsadwa nan konstriksyon peyi yo! N ap raple, se nan lane 1996, feminis yo ta pral dekrete 3 avril la jounen nasyonal mouvman fanm lan, aprè gwo travay pledwaye bò kote palman an, pou Leta te rive rekonèt ofisyèlman jounen sa a.
Nan moman kote peyi a ap monte yon maswife pa do, kote eskadron lanmò yo pa sispann simen dèy toupatou nan peyi a, ak konplisite pouvwa defakto PHTK a, se moman pou fanm yo di, yon lòt fwa ankò, tout sans ak enpòtans politik, jounen 3 avril la genyen pou tout feminis, demokrat, pwogresis nan peyi a. Fanm OPL yo ranmase eritaj 3 avril 86 la pou yo di kòlè yo fas ak rejim PHTK a.
Yon rejim ki pote lamayòl nan kòche do ak denigre kò fanm. Yon rejim ki nan kase fèy kouvri sa chak fwa yon tizanmi li enplike dirèkteman nan yon zak maspinay kont fanm, kadejak, ak tizonnay. Yon rejim ki woule fanm yo nan farin ak vye pwomès karavàn ki t a pral swadizan amelyore kondisyon lavi yo. Pou fanm yo, 10 lane rejim PHTK a, senbolize plis mizè ak vyolans, plis koripsyon, krim ak enpinite.
Avèk PHTK tout ti gany mouvman fanm lan te rive rache 30 dènyè lane sa yo, twouve yo atè plat. Se ka yon ministè tankou Ministè Kondisyon ak Dwa Fanm, ki fin pèdi tout dan nan bouch li, ak konplisite yon bann minis fanm popetwèl, pouvwa PHTK a plase nan tèt enstitisyon sa a, pou likide lit fanm lan san gad dèyè.
Nan okazyon komemorasyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm yo, nan sitiyasyon malouk peyi a ap travèse la a, fanm OPL yo ap di ochan! pou tout òganizasyon fanm, òganizasyon feminis nan tout peyi a ki pa janm penyen lage nan batay la. Fanm OPL yo ap pwofite salye tout lòt òganizasyon ki genyen ladan yo gason konsekan ki santi yo konsène nan batay pou libere peyi d Ayiti anba diktati pouvwa PHTK a pandan y ap kore batay liberasyon Fanm yo.
«Lit fanm yo ak lit kont diktati a se menm konba !
Yon konba ret yon konba !
Pou kowodinasyon k ap travay nan OPL ,pou kreye yon rapo ekilibre ant fanm ak gason nan pati a ak sosyete a:
Wiline Alcius
Kowodonatris